Ansyen minis komès ak endistri peyi dayi, Madam « Daniel Saint-Lot » di l’ konstate yon ti gwoup moun k’ap manifeste nan kèk ri nan kapital la detanzantan . Madam « Saint-Lot » fè remake gwoup moun sa yo kenbe peyi-a an otaj depi aprè piblikasyon rezilta preliminè eleksyon yo , tout fwa l’ swete yo obsève yon trèv pandan fèt fen dane yo pou popilasyon ayisyèn nan rale yon souf.
Madam « Saint-Lot » fè deklarasyon sa yo pandan pasaj li nan vil jakmel dimanch 25 Desanm 2016 la, nan okazyon katriyèm edisyon vilaj nwèl la.
François Roudy Sudestar
rfrancois916@gmail.com